factograf
HT
Sign in

Pyè

Pyè

Pyè, Sen Pyè (mouri nan ane 67 aprè J.K.), youn nan douz Apòt Jezi yo. Li avèk Andre frè li se te pèchè d pwason pa pwofesyon, moun peyi Galile, abitan vil Kapenayoum. Non Pyè se te Simon. Lè Jezi te fèk ap kòmanse ministè li, li te chwazi ni li ni Andre pou disip li. Se aprè Jezi te fin rele yo pou kite pwofesyon yo, epi swiv li, li te vin bay Simon non Sefas la, mo lang Arameyik. Mo Sefas la ekivalan avèk mo grèk petròs (πέτρος), Pyè, oubyen wòch. Pita, Jezi te vin distenge Pyè ansanm ak Andre avèk tit apòt la—pami yon gwoup de douz gason Jezi te chwazi pou ede Li nan travay Levanjil la. Pyè distenge toujou kòm sèl nan disip Jezi yo ki mache sou dlo (cf. Mat. 14.28-31). Se te Pyè ki te premye pwoklame Jezi kòm Kris (cf. Mak 8.29, Mat. 16.16). Malerezman, pita, malgre li te jire ke li pa t’ap jamè kite Jezi kèlkeswa sa ki ta vin rive (Lik 22.33), men aprè arestasyon Jezi, lè moun mande li si li rekonèt Jezi, èske li se pa youn nan disip Jezi yo, li te di non, denonse Jezi (Lik 22.56-61). Jezi, aprè resisitasyon li, te restore konfyans Pyè. Avèk nouvo zèl e enspirasyon, Pyè pwoklame Jezi kòm Sovè avèk fòs e konviksyon, nan la vil Jerizalè, e atravè mond ansyen an.

Lyen deyò

Wikimedia Commons genyen dokiman medya, imaj, video sou:
Saint Peter

Read next

In 129 languages

htAcèhAfrikaansAlemannischአማርኛaragonésالعربيةܐܪܡܝܐمصرىasturianuazərbaycancaتۆرکجهBoarischBikol Centralбеларуская (тарашкевіца)беларускаябългарскиবাংলাབོད་ཡིགবিষ্ণুপ্রিয়া মণিপুরীbrezhonegbosanskicatalà閩東語 / Mìng-dĕ̤ng-ngṳ̄CebuanoکوردیčeštinaчӑвашлаCymraegdanskDeutschZazakiΕλληνικάEnglishEsperantoespañoleestieuskaraفارسیsuomifrançaisFryskGaeilgegalego客家語 / Hak-kâ-ngîעבריתहिन्दीhrvatskimagyarհայերենJaku IbanBahasa IndonesiaIlokanoIdoíslenskaitaliano日本語Jawaქართული한국어kernowekLatinaLëtzebuergeschLingua Franca NovaLimburgsLigureLadinlombardlingálalietuviųlatviešuMalagasyмакедонскиമലയാളംмонголमराठीBahasa Melayuမြန်မာဘာသာمازِرونیNāhuatlNedersaksiesPlattdüütschNederlandsnorsk nynorsknorskNouormandoccitanpolskiPiemontèisپنجابیportuguêsRuna SimirumantschromânăarmãneashtiрусскийsicilianuScotssrpskohrvatski / српскохрватскиසිංහලSimple Englishslovenčinaسرائیکیslovenščinashqipсрпски / srpskisvenskaKiswahiliślůnskiதமிழ்తెలుగుไทยTagalogTürkçeтатарча / tatarçaукраїнськаاردوoʻzbekcha / ўзбекчаvènetoTiếng ViệtWinaray吴语მარგალურიYorùbáZeêuws閩南語 / Bân-lâm-gí粵語中文isiZulu

Text from Wikipedia, CC BY-SA 4.0 · Source article