factograf
HT

Kalandriye chinwa

Kalandriye Chinwa a se yon kalandriye linisolè ( chinwa senplifye:阴阳历; chinwa tradisyonèl:陰陽曆; pinyin: yīn-yáng lì), mwa yo se linè, sa vle di premye jou chak mwa (nan 29 oswa 30 jou) kowenside ak lalin nouvo la (epi 15e jou a avèk lalin plenn); kòm 12 mwa linè pa fòme yon ane solè (11 jou yo manke), nou ajoute sèt mwa anplis (闰月, rùnyuè) sou yon peryòd disnèf ane, pou ane a rete jeneralman konpatib ak ane solè a.

Kalandriye chinwa a pote plizyè non, sa ki pi komen yo te 夏历 / 夏曆, xialì, "kalandriye Xia ak 农历 / 農曆, nonglì, "kalandriye agrikòl, oswa nan lang chak jou 阴历 / 陰曆, yīnlì, "kalandriye linè" ki se non nòmal pou “kalandriye linisolè".

Kalandriye ofisyèl la rele公历 / 公曆, gōnglì oswa西历 / 西曆, xīlì, ak nan lang chak jou阳历 / 陽曆, yanglì.

Referans

Lyen ekstèn

  • en Gregorian-Lunar Calendar Conversion Table
  • en Règles de calcul du calendrier chinois
  • Les deux calendriers(lunaire-gregorien) au format PDF 2002-2010

Read next

In 102 languages

Text from Wikipedia, CC BY-SA 4.0 · Source article