Biyografi
Harold Arlen se te yon konpozitè ameriken ki te fèt 15 fevriye 1905 nan Buffalo nan Eta New York e ki mouri 23 avril 1986 nan New York (Eta New York).
Li te youn nan konpozitè ki pi enpòtan nan 20yèm syèk la avèk yon kreyasyon ki gen plis pase 400 chante, kèk nan yo te vin popilè atravè mond lan. Chante ki pi popilè a, Over the Rainbow, ki sòti nan komedy mizikal Le Magicien d'Oz, te genyen Oscar pou pi bon chante orijinal an 1940 e li te plase kòm 20yèm chante Ameriken ki pi enpòtan nan istwa pa RIAA.